Textes et Documents » Catégorie : Textes en créole

📂 Twazyèm Kominike Konferans Evèk katolik Ayiti yo sou zafè eksplozyon ki te pase lakay Monseyè Pierre-André Dumas

Frè n ak sè n yo,

Kè poze pou nou nan Kris la, Sovè nou an!

1. Dimanch 18 fevriye a, nan kòmansman sware a, yon gwo eksplozyon fèt nan kay kote Monseyè Pierre-André Dumas abitye rete lè li Pòtoprens. Eksplozyon sa manke pote ale lavi Monseyè Dumas, paske li boule anpil.2. Nan lendi maten, Konferans Evèk Legliz Katolik la te soti yon nòt nan laprès pou anonse sa ki pase a epi mande fidèl yo lapriyè pou retablisman Monseyè Dumas. Menm jou lendi sa a, « Jij de Pè » te ale nan kay la pou fè konsta an prezans plizyè moun ; pami yo kèk fanmi Monseyè Dumas.

Avoka nou yo pral depoze yon rekèt bay Komisè Gouvènman an pou mande l mete Aksyon piblik an mouvman sou dosye a. Depi gwo evenman konsa fèt, Lajistis dwe al fouye pou konn sa k pase a. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Monseyè Pierre-André Dumas a Pè ki nan Dyosèz li yo, depi yon lopital nan Miyami

Jou kite 18 fevriye, Monseyè Pierre-André Dumas, ki se evèk dyosèz Ansavo ak Miragwàn, te sibi boule grav nan kò li apre yon eksplozyon nan kay kote li te ye a nan Petyonvil. Li te oblije al pran swen nan yon lopital ki nan vil Miyami yo rele Jackson Memorial Hospital.

Apre yon gwo kokenn chenn operasyon, premye panse li, kòm pastè, se pou dyosèz li a, espesyalman pou pè yo. Depi lopital la, li voye yon mesaj ba yo, ke n ap jwenn sou paj sa a sou fòm odyo e kòm teks.

Menm lè ou santi, lè w ap tande mesaj enpwovize a, ke li te anba rès efè anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirityèl ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon pastè ki gen lafwa ki t ap pale. Yon pastè ki t ap pale « collégialement » avèk pè li yo. Li rekonèt bon travay yo ap fè nan yon dyosèz tou nèf. Si ou tande, oubyen li mesaj la avèk atansyon, ou ka rekonèt tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen sò l, ni ap blame lòt pou sa li ap viv la.

Tande ou li mesaj la. Teks la se yon kopi de anrejistreman an. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Evèk Legliz Katolik Ayiti yo nan okazyon fèt Nwèl 2023 a

Nou te resevwa mesaj sa jou ki te vandredi 1e desanm 2023

Pou Pèp Bondye a: pè yo, mè yo, frè yo, fidèl layik yo ak tout moun ki gen bòn volonte.

« Bondye, fè nou kase tèt tounen, se pou limyè fas ou klere nou, konsa nou va jwenn lavi! »
(Sòm 79, 4).

bishop-hat1 Nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, ki reyini nan Labòd ki chita nan dyosèz Okay la, pou Asanble òdinè nou, nou salye nou, frè n ak sè n yo. Kòm pastè, gadyen pèp Bondye a, n ap fè nou konnen nou toujou la bò kote nou. Nan Tan Lavan sa a ki pral debouche sou fèt Nwèl la, nou santi li nesesè pou nou pataje ak nou yon pawòl esperans. Pawòl esperans sa a jwenn rasin li nan Evènman Nesans Pitit Bondye a, Li menm ki vin sove limanite epi ki fè nou rele: « Ou menm, Solèy k ap leve, klète limyè ki p ap janm fini an, solèy jistis, klere moun yo ki chita nan fènwa ak lonbraj lanmò a. Vini Granmèt, vin sove nou » (Brevyè, Refren Mayifikat, 21 desanm nan). (suite…)

...lire le texte »»

📂 Yon kout rèl Konferans Katolik Konsakre yo

Mesaj sa a te vin jwenn nou jou kite 6 septanm 2023

« Bondye nan bafon kote nou ye a, n ap rele w. »
(Kf Sòm 130, 1)

 

Lè n ap gade sa kap pase nan kèk kwen nan peyi a, nou menm konsakre peyi Dayiti, pandan n ap manifeste solidarite nou ak pèp nou an k ap soufri depi dikdantan, nou vle repoze menm kesyon avèk Pè Kawas François, sj : « Granmèt, mwen pa kapab konprann poukisa youn ap manje lòt konsa, kote w pase se lagè, m ap mande sa ki fè sa? »

Bèl nasyon nou an ap fin defigire nèt, e se pwòp pitit bout tè a ki kanpe pou mete l ajenou. Domaj nou nan bato a, e se nou k ap pèse l, nou chita sou branch lan epi n ap koupe l. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Monseyè Max Leroy Mésidor, Achevèk metwopoliten Pòtoprens, apre ensidan ki te pase jedi 13 avril la


© 2023 Audio de Tele Amen; Texte de Mgr Max Leroy Mésidor

Frè ak sè m yo, mwen salye nou ak tout kè mwen.

Aprè chòk ak emosyon zak malonèt ki pase nan oratwa Sen Chabèl la jedi 13 avril la te pwovoke, aprè Nòt ofisyèl Sèvis Kominikasyon Achidyosèz la te pibliye a, mwen pran lapawòl pou kondane imedyatman zak kidnapin ki fèt aprè mès mwen t ap selebre a, toupre chapèl la, nan yon lakou prive. Se yon zak revòltan. Se yon gwo menas pou responsab yo ak fidèl nan Legliz la.

(suite…)

...lire le texte »»