|
SIGNE DE LA CROIX (Siy dekwa)
Onon Papa a , ak pitit la, ak Lespri Sen.
Amèn.
KYRIE
Granmèt, pitiye
pou nou;
Granmèt pitiye pou nou.
Jezi Kri, pitiye pou nou;
Jezi Kri pitiye pou
nou,
Granmèt pitiye pou
nou;
Granmet pitiye pou nou.
GLORIA
Viv Bondiye nan
siyèl la.
Sou tè a se pou moun
li renmen yo viv ak kè poze.
N'ap fè louwanj pou
ou, N'ap di jan ou debiyen,
Se ou n'ap adore.
N'ap fè bèl
konpliman pou ou,
N'ap di ou mèsi
pou valè bèl ou bèl.
Bondiye, ou se
Granmèt, ou se Wa nan siyèl la
Bondiye, ou se Papa, ou genyen tout pouvwa.
Jezi Kri, Ou se Granmèt, Ou se Mouton
Bondiye a,
Ou se pitit Papa
a.
Ou menm ki ouete
peche sou tè a , koute priyè nou an.
Ou menn ki chita
adwat Papa a, tanpri, pitiye pou nou.
Jezi Kri, se ou menm sèl ki sen,
Ou menm sèl ki Granmèt,
Ou menm sèl ki anro nèt,
Ansanm ak Lespri Sen an nan bèlte Bondiye
Papa a.
Amèn.
CREDO I-
(Symbole de Nicée) 
- Mwen kwè gen yon sèl Bondiye
Se Papa a ki gen tout pouvwa,
Li kreye siyèl la
ak tè a, Li fè tou sa moun
wè ak tou sa moun pa wè.
- Mwen kwè gen yon sèl Granmèt,
Se Jezi Kri, sèl
pitit Bondiye a. Li se pitit Papa a, depi anvan tout tan;
Li se Bondiye nan
Bondiye, limyè nan limiyè a. Bondiye tout bon
vre nan Bondiye tout bon vre a. Li se pitit, men se pa kreye yo kreye li.
Li se menm Bondiye
ak Papa a.
Se pa pouvwa li tout bagay fèt.
Se pou tout moun,
se poul' vin sove nou, li desann sot nan siyèl.
Se pa pouvwa Lespri Sen an, kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj, E li tounen yon moun.
Se pou tèt nou toujou yo kloure li sou yon
Kwa. Li soufri sou rengn Pons Pilat e yo antere
li. Sou twa jou li
leve, jan labib la te di,
Li monte nan siyèl e li chita adwat Papa a.
Li gen poul' retounen avèk tout pouvwa li, Poul' jije ni
moun k'ap viv ni moun ki mouri, E li va Rwa pou
tout tan.
- Mwen kwè gen Lespri Sen an.
Li se Granmèt e li bay lavi.
Li se Lespri Papa
a ansanm ak Pitit la. Yo adorel' ansanm ak Papa a, ansanm ak
Pitit la, E li jwenn menm lwanj avèk yo.
Se li ki t'ap
pale, le Pwofèt yo t'ap pale.
- Mwen kwè gen yon sèl Legliz, ki fè yon sèl
kòt fanmiy,
Li sen , li la
pou tout moun, se sou Apot yo li bati.
- Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padonen
peche.
M'ap tann tout mò
leve. M'ap tann lavi
k'ap vini an.
Amèn
CREDO II-
(Symbole des Apôtres) 
- Mwen kwè nan
Bondiye, Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li kreye siyèl la
ak tè a.
- Mwen kwè nan Jezi
Kri, sèl pitit Bondiye.
Li se Granmèt nou
an.
Se pa pouvwa
Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li
tounen yon moun.
Li soufri sou
rengn Pons Pilat, yo klourel' sou kwa a,
Li soufri e yo antere li.
Li desann kote mò
yo te ye a.
Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan
pami mò yo.
Li monte nan siyèl
la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li gen poul'
retounen pou jije ni moun k'ap viv ni moun ki mouri.
- Mwen kwè nan Lespri Sen an.Mwen kwè Legliz
la Sen e li la pou tout moun.
- Mwen kwè tout byen zanmi Bondiye yo fè sèvi
lòt yo.
- Mwen kwè peche yo jwenn padon.
- Mwen kwè kò moun
ki mouri yo va leve byen vivan.
- Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an.
Amèn.
SANCTUS 
Se ou ki sen, Se ou ki sen, Se ou ki sen
tout bon;
Bondiye se ou ki
Granmèt tou sa ki nan siyèl la.
Bèlte ou plen
siyèl la ak tè a.
Viv Bondiye nan
siyèl la.
Bravo pou sila
k'ap vini o non Granmèt la.
Viv Bondiye nan
siyèl la.
PATER 
Papa nou ki nan siyèl
la,
Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Wa;
Se pou volonte ou
fèt sou tè a tankou nan siyèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li
jodiya,
Padonen sa nou fè
ou tankou nou padone moun ki fè nou kichoy.
Pa kite nou pran
nan piyèj, men delivre nou ak sa ki mal.
Amen
Après l'Embolisme du Pater
Paske se ou menm sèl ki Wa,
Se ou menm ki gen tout Pouvwa,
Se ou sèl ki merite konpliman pou tout tan.
AGNUS DEI 
Jezi,
ou menm
Mouton Bondiye ki wete peche sou tè a,
Tanpri pitiye pou
nou.
Jezi,
ou menm Mouton Bondiye ki ouete peche
sou tè a,
Tanpri pitiye pou
nou.
Jezi,
ou menm mouton Bondiye ki wete peche
sou tè a,
Aprann nou byen
viv ansanm.
|
|