Mesaj Konferans Evèk Peyi d Ayiti yo pou Fèt Nwèl la 2014

Texte reçu le 1er décembre 2014

bishops_ht1. « Men lè tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a, ki fèt sòti nan vant yon fi. » (Galat 4,4)

2. Nou menm Evèk Peyi d Ayiti, nou reyini nan Asanble plenyè, epi nou voye mesaj sa a pou tout pè, frè, mè, disip misyonè Jezikri, pèp Bondye ki nan peyi d Ayiti, tout moun, gason kou fi, ki gen bòn volonte : Benediksyon ak lapè nan Kris la!

3. Pandan n ap prepare nou pou n selebre jou Kris la te fèt nan mitan nou, li menm Pitit Bondye a ki vin tounen tou pitit yon fi, lè l pran chè nan chè nou. Depi lontan lontan, Bondye te prepare jou sa a. Se li menm tout tè tap tann. Epi, tankou Abraram, sa te fè kèl kontan anpil. (Gade Jan 8,56)

4. Sitiyasyon lavi sosyal, politik ak relijye nan epòk Jezi a te gen anpil latwoublay. Te gen gwoup moun ki tap batay kont lot gwoup moun, gwoupman politik yo te youn anfas lot, divizyon nan zafè larelijyon, epitou se etranje ki tap kontrole peyi a : men nan ki eta peyi kote Jezi te fèt la te ye. Men tou, se konsa tan an te ye!

  1. Tan an ki te bon nèt pou simaye Bon Nouvèl la!
  2. Tan an ki te pote lesperans ak yon chanjman total kapital!

5. Jezi li menm menm te montre kijan misyon l te makonnen ak tan kote l t ap viv la, pandan l tap anonse : « Tan an rive, peyi kote Bondye wa a toupre. » (Mak 1,15)

6. Se konsa mesaje Levanjil yo te konprann nesesite ki genyen pou y opa janm separe keksyon tan an ak reyalite delivrans (Bondye k sove n nan) : « Lè a deja rive pou nou leve sòti nan dòmi, paske kounye a delivrans lan pi pre nou. » (Wòm 13,11). Oubyen : « Jodi a si nou tande vwa l, pinga nou kite kè nou vin di (…) Okontrè, se pou nou youn ankouraje lòt chak jou, toutotan je nou louvri jodi sa a, pou pèsonn pami nou pa kite kè li vin di akòz peche ki twonpe l. » (Ebre 3,7.13)

7. Bondye ba nou delivrans li nan tan pa l ak nan tan n ap viv la! Eske nou pa pèdi twòp tan? Li bon pou n poze tèt nou kesyon sa a. Kòm pèp, kòm nasyon, èske nou kapab dekouvri tan ki bon an ak moman ki byen tonbe a pou peyi nou vin pi bon? Eske nou kapab profite gwo chans sa a pou n avanse, epi pou n devlope tèt nou tout bon vre?

8. Pandan tout istwa n kòm pèp, si nou toujou te montre anpil rezistans, kouray, lafwa nou nan yon denmen miyo’, li nesesè tou pou n rekonèt, an menm tan, nou te manke yon pakèt bon okazyon.

9. Lè n derefize konpran n enpotans tan ak moman n ap viv la, sa telman genyen anpil move konsekans nou pa menm kapab kalkile tou sa n pèdi. Nan sans sa a Jerizalèm ki pa t rekonèt tan vizit Granmèt la se yon bel egzanp. Se pou sa li te tonbe nan rèl ak manje dan. (Gade. Lik 19, 41-44) Si nou pa fè atansyon menm traka sa a ka rive nou tou!

10. Jodi a toujou, nou pa sispann youn ap dechire lòt, n ap kraze peyi a epi nou pap kite anyen pou sa k ap vini aprre nou. Men pandan jou yo ap kouri byen vit, men aktè politik yo tonbe nan chire pit, san youn pa vle kite pou lot. Se zafè peyi nou an k ap peye sa.

11. Ansanm ak pi fo’ sitwayen peyi a, men sa nou wè :

  1. Eleksyon yo pa fèt lè yo te dwe fèt la epi youn ap tire kod ak lot san rete!
  2. Pri tout pwodwi premye nesesite vin pi chè, se pousa grangou simaye toupatou!
  3. Tè nou an fin depafini poutèt y opa sispan n koupe pyyebwa, ki lakoz tout bon tè nou yo ale nan lanmè!
  4. Anpil Ayisyen pèdi lespwa, sitou jèn yo, poutèt chomay ak bon travay ki pa genyen.
  5. Anpil moun kontinye ap chèche kite peyi a nan move kondisyon, sitiyasyon sa a kraze fanmi, sa fè yo imilye pèp nou an epi yo pase diyite li anba pye!
  6. Sistèm edikasyon nou, sistèm jidisyè a ak sistèm lasante a manke djanm, ki fè administrasyon piblik la pa fonksyone byen!
  7. Etidyan nou yo ak pwofesyonèl nou yo manke ankadreman, gen de lè menm y opa jwen n ditou!

12. Frè n ak Sè n nan peyi d Ayiti, moman n ap viv la pa bon vre. Men si n pa profite chans tan sa a ban nou pou nou mete tèt nou ansanm, pou fè peyi nou vanse epi defann diyite n kòm moun ak kòm pèp, se kite n ap kite zòt fè n tounen esklav ak restavek.

13. Si nou retire tèt nou nan sitiyasyon malouk sa a, devwa n kòm Pastè oblije n fè n sonje :

  1. Li lè li tan pou n pran chimen konvèsyon a, se li kap pote bonjan chanjman an nan relasyon n ak Bondye, nan relasyon nou youn ak lot, nan relasyon nou, ak peyi n ansanm ak tè kote nap viv la;
  2. Li lè li tan pou n sispann youn ap mawon lot, youn ap fè magouy sou lot, pou youn ap pase lot la nan tenten;
  3. Li lè li tan pou n konprann kijan tout èd ak sipò kominote entènasyonal la bay pap janm kapab pran plas konsyans nou kòm sitwayen, paske se li kap ede nou kontinye viv nan lonè respè epi kap sove peyi nou an;
  4. Li lè li tan pou n fè tout sa nou konnen pou nou pa kontinye ap frape enstitisyon nou yo ki déjà fèb anpil, pou n pa mete peyi a tèt anba ;
  5. Li lè li tan pou n fini ak tout vyolans sa yo, ansanm avek tout vye zak brigandaj ak ensekirite;
  6. Li lè li tan pou n pran chimen respè, chimen youn koute lòt, chimen youn fè lòt konfyans, chimen youn met tèt ansanm ak lòt jouk nou rive bati yon sosyete ki apran n rezoud problem divizyon li yo pi byen;
  7. Li lè li tan pou n fè jefo’, pou n monte pi wo, pou n pa repete erè ki te fèt yo, pou n ka jwenn chimen tou nèf ki mennen nan yon lavi miyo’ kap pibon pou demen, etan n ap chèche epi etan n jwenn, nou menm menm Ayisyen ak Ayisyèn, bonjan solisyon pou pwoblèm pa nou yo;
  8. Li lè li tan pou n konprann politik la se yon mwayen pou nou òganize sa ki nan enterè tout moun (sa n rele bien commun an), paske li fè n vin genyen pi bon kalite moral ak pi bon zouti pou òganize sosyete nou an. Pap Franswa te di : « Politik la se pi wo degre renmen an, paske l ap chèche sa k nan enterè tout moun. » (Wòm, jen 2013).

14. Nan okazyon fèt Nwèl sa a, nou envite nou kenbe konfyans nou fem nan Bondye pandan nap voye je gade Zetwal ki sòti anwo a ki vin klere tout moun ki te chita nan fènwa ak lonbray lamò, pou l fè yo mache san kè sote nan wout kè poze a. (Gade Lik 1, 78-79) Vini, an nou pwòche pi pre limyè sa a ki vin klere toiut moun alawonn badè!

15. Se pou Manman Pèpetiyel li menm ki toujou pote n Sekou, li menm ki sa patwon n ak protektris nou ede nou nan konba lavi a, konsa nou va rankontre ak Sovè tè a : Jezi pitit li a.

16. Se pou fèt Nwèl yo pèmèt fanmi ak zanmi nou yo youn rankontre lòt nan renmen ak nan tèt ansanm.

17. Lapè ak Kè poze pou tout moun, gason kou fi, ki gen bòn volonte!

18. Nou swete tout Frè ak Sè n yo yon Fèt Nwèl 2014 Kè Kontan, ak benediksyon Bondye pou lane 2015!

Mesaj sa a soti nan kay reyinyion Evèk yo, nan Lilavwa,
jou ki te 27 novanm 2014
ki se fèt « Notre-Dame de la Médaille Miraculeuse ».