Nòt pou laprès ki sòti nan Konferans Evèk Katolik nan peyi Ayiti

Le président Jovenel et le Cardinal Langlois
À lilavoix, le 27 septembre 2017

Frè ak sè nou yo, ak tout moun nòt sa a rive jwenn!

1.- Nous menm Evèk Katolik nan peyi a, nou salye nou nan non Bondye lavi a. Antan nou reyini nan Lilavwa depi 25 pou rive 29 septanm, nou te pran tan lapriyè epi reflechi sou sa kap pase nan peyi a.

2.- Rèl pèp la rive nan zorèy nou, e li touche nou nan fon kè nou. Nou te koute tou Prezidan peyi a ki te vin vizite Evèk yo kote yo konn reyini nan Lilavwa jou ki te mèkredi 27 septanm nan. Sa fè nou sonje sa Konsil Vatikan e di: « Tout sa ki touche moun, ki fè l soufri, tout kè kontan an dlo nan je, tout tray ak lespwa pèp la dwe sonnen nan kè nou » (Gaudium et Spes #1).

3.- Nou konstaste bidjè 2017-2018 la fè gen anpil, epi anpil grèv ak manifestasyon ki fèt ak kraze brize. Sa vin mete absè sou klou: sitiya an ap degrade chak jou pi plis; grangou a vin pi di pou pèp la; jèn yo pa jwenn travay, yap chache lavi lot kote; anpil manman ak papa pitit se dlo nan je tout la jounen; andeyò yo menm se pa pale; anpil kote nan peyi a lajan pa sikile ditou; lamizè ap vale teren, pri tout bagay ap monte.

4.- Se pou sa, nou ki reskonsabl yo nan peyi, toujou gen tan; li pap janm twò ta pou korije sa ki merite korije depi se pou byen pèo la. Nou mande pou pyès moun pa kanpe rèd sou pozisyon yo, pou gen chita tande, pou chache sa ki nan enterè tout pèp la. Si nou pa fè sa konsa, pap gen estabilite nan peyi a. Se pou nou ranmase karaktè nou. Nou dwe gen matirite politik pou nou ka bay tèt nou estabilite. Nan tan sa a nap viv la se pou nou montre sa.

5.- Se pou Bondyue lavi a ban nou limyè pou wè klè, epi ban nou fòs ak kouraj pou nou aji nan enterè tout, pou diyite, prestij ak lonè respè taye banda anba syèl ble peyi Ayiti Toma!

6.- Se pou manman Mari, Manman pèp Ayisyens, pote nou sekou nan tout tray nou yo, pou l lapriyè pou nou!

7.- Nòt pou laprès sa sòti nan Konferans Evèk Katolik nan peyi Ayiti, nan Lilavwa, jou ki 29 septanm 2017 lan, jou fèt Sen Michèl Akanj.

S. Em Cardinal Chibly Langlois
Évêques du Diocèse des Cayes
Président de la CEH
S. E. Mgr Yves Marie Péan, csc
Évêques du Diocèse des Gonaives
S. E. Mgr Max Leroy Mésidor
Archevêque du Cap-Haïtien
Vice-Président de la CEH
S. E. Mgr Pierre André Dumas
Évêque du Diocèse d’Anse à Veau et de Miragoâne
S. E. Mgr Joseph Gontran Décoste, sj
Évêque du Diocèse de Jérémie
Secrétaire Général de la CEH
S. E. Mgr Launay Saturne
Évêque du Diocèse de Jacmel
S. E. Mgr Marie Erick G. Toussaint
Évêque auxiliaire de Port-au-Prince
Économe de la CEH
S. E. Mgr Quesnel Alphonse, smm
Évêque du Diocèse de Fort-Liberté
S. E. Mgr Guire Poulard
Archevêque Métropolitain de Port-au-Prince
S.E. Mgr Désinor Jean
Évêque du Diocèse de Hinche
S. E. Mgr Pierre-Antoine Paulo, omi
Évêque du Diocèse de Port-de-Paix
S.E. Mgr Ducange Sylvain SDB
Évêque auxiliaire de Port-au-Prince
S. E. Mgr Alix Verrier
Évêque émérite du Diocèse des Cayes
 S. E. Mgr Willy Romélus
Évêque émérite de Jérémie