1260.010.- Ordinaire de la Messe en Créole Haïtien (Priyè Lanmès Nan Kreyòl Ayisyen)

Classification Religions et Croyances

 

Signe de la Croix (Siy dekwa)


Le signe de la croix est une manifestation publique de deux points essentiels de la foi du chrétien catholique.
La profession de foi d’abord dans la Sainte Trinité – Père, Fils et Saint- Esprit – et, ensuite, dans le salut de l’humanité entière par la croix du Christ.
Le Catéchisme de l’Église catholique recommande au chrétien de « commencer sa journée, ses prières et ses actions par le signe de la croix ». Ainsi il dédiera « sa journée à la gloire de Dieu » et fera « appel à la grâce du Sauveur » qui lui permettra « d’agir dans l’Esprit comme enfant du Père (§ 2157)

1.- Onon Papa a,
2.- ak pitit la,
3.- ak Lespri Sen.
4.- Amèn.

Kyrie


Granmèt, pitye pou nou;
Granmèt pitye pou nou.
Jezi Kri, pitye pou nou;
Jezi Kri pitye pou nou,
Granmèt pitye pou nou;
Granmet pitye pou nou.

Gloria


Le Gloire à Dieu ou Gloria, est un chant de louange, chanté pendant la messe.
Après avoir demandé pardon, à travers le Kyrie ou autre chant approprié, les chrétiens catholique rendent gloire au Dieu Créateur et Trinité pour se préparer à la célébration.
Viv Bondye nan syèl la.
Sou tè a se pou moun li renmen yo viv ak kè poze.
N’ap fè louwanj pou ou, N’ap di jan ou debiyen,
Se ou n’ap adore.
N’ap fè bèl konpliman pou ou,
N’ap di ou mèsi pou valè bèl ou bèl.
Bondye, ou se Granmèt, ou se Wa nan syèl la
Bondye, ou se Papa, ou genyen tout pouvwa.
Jezi Kri, Ou se Granmèt, Ou se Mouton Bondye a,
Ou se pitit Papa a.
Ou menm ki wete peche sou tè a , koute priyè nou an.
Ou menn ki chita adwat Papa a, tanpri, pitye pou nou.
Jezi Kri, se ou menm sèl ki sen,
Ou menm sèl ki Granmèt,
Ou menm sèl ki anro nèt,
Ansanm ak Lespri Sen an nan bèlte Bondye Papa a.
Amèn.

Credo I- (Symbole de Nicée)


En récitant le symbole de Nicée-Constantinople lors de la messe dominicale ou des grandes fêtes liturgiques, les chrétiens catholiques professent leur foi dans un Dieu-Trinité, dans l’origine apostolique et la catholicité de l’Église et dans un seul baptême pour la rémission des péchés.
Ce symbole fut composé lors du premier Concile tenu à Nicée en 325. Il porte également le nom de Constantinople, parce que, durant un concile tenu dans cette ville en 382, on y fit des additions qui firent une condamnation de ceux qui, dans l’Église, niaient la divinité de l’Esprit Saint (le prêtre Alexandre Arius par exemple).
Le texte suivant est une traduction créole du symbole de Nicée-Constantinople :
  1. Mwen kwè gen yon sèl Bondye
    Se Papa a ki gen tout pouvwa,
    Li kreye syèl la
    ak tè a, Li fè tou sa moun wè ak tou sa moun pa wè.
  2. Mwen kwè gen yon sèl Granmèt,
    Se Jezi Kri, sèl
    pitit Bondye a.
    Li se pitit Papa a, depi anvan tout tan;
    Li se Bondye nan Bondye,
    limyè nan limyè a.
    Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a.
    Li se pitit, men se pa kreye yo kreye li.
    Li se menm Bondye ak Papa a.
    Se pa pouvwa li tout bagay fèt.
    Se pou tout moun, se poul’ vin sove nou, li desann sot nan syèl.
    Se pa pouvwa Lespri Sen an, kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj,
    E li tounen yon moun.
    Se pou tèt nou toujou yo kloure li sou yon Kwa.
    Li soufri sou rengn Pons Pilat e yo antere li.
    Sou twa jou li leve, jan labib la te di,
    Li monte nan syèl e li chita adwat Papa a.
    Li gen poul’ retounen avèk tout pouvwa li,
    Poul’ jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri,
    E li va Rwa pou tout tan.
  3. Mwen kwè gen Lespri Sen an.
    Li se Granmèt e li bay lavi.
    Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.
    Yo adorel’ ansanm ak Papa a, ansanm ak Pitit la,
    E li jwenn menm lwanj avèk yo.
    Se li ki t’ap pale, le Pwofèt yo t’ap pale.
  4. Mwen kwè gen yon sèl Legliz, ki fè yon sèl kòt fanmiy,
    Li sen , li la pou tout moun, se sou Apot yo li bati.
  5. Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padonen peche.
    M’ap tann tout mò leve.
    M’ap tann lavi k’ap vini an. Amèn

Credo II- (Symbole des Apôtres)


Appelé aussi Credo, le Symbole des Apôtres est l’énoncé de la foi chrétienne ; il est utilisé dans l’Église catholique, dans l’Église anglicane, ainsi que dans de nombreuses Églises protestantes ; il n’est pas reconnu officiellement par l’Église orthodoxe.
Une tradition affirme qu’il a été composé par les douze Apôtres, mais il dérive en réalité des questionnaires utilisés aux premiers temps du christianisme par les évêques en vue d’examiner la foi des catéchumènes. Un modèle de ces « questionnaires » a été conservé dans la Tradition apostolique d’Hippolyte. L’évêque commençait par la question : « Crois-tu en Dieu le Père tout-puissant ? », puis énumérait les grandes vérités de la foi chrétienne. Mises sous forme d’affirmation, ces questions sont devenues des crédos, connus sous le nom de « professions de foi baptismales ».
Le texte du Symbole actuel reprend celui d’une profession de foi baptismale usitée dans l’Église de Rome aux IIIe et IVe siècles. Il a acquis sa forme définitive en Aquitaine à la fin du VIe ou au VIIe siècle. Il s’est imposé peu à peu, au détriment des autres formules, et a été reconnu comme le Credo officiel de l’Église d’Occident sous le pontificat d’Innocent III (mort en 1216).

Source: Encyclopædia Universalis [Paris] : Encyclopaedia Universalis France, 1968-.
  1. Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa.
    Li kreye syèl la ak tè a.
  2. Mwen kwè nan Jezi Kri, sèl pitit Bondye.
    Li se Granmèt nou an.
    Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun.
    Li soufri sou rengn Pons Pilat, yo klourel’ sou kwa a,
    Li soufri e yo antere li.
    Li desann kote mò yo te ye a.
    Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo.
    Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa.
    Li gen poul’ retounen pou jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri.
  3. Mwen kwè nan Lespri Sen an.
    Mwen kwè Legliz la Sen e li la pou tout moun.
  4. Mwen kwè tout byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo.
  5. Mwen kwè peche yo jwenn padon.
  6. Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan.
  7. Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an.

Amèn.

Sanctus


Une caractéristique familière de la prière eucharistique, le Sanctus est adapté du chant des séraphins d’Ésaïe 6: 3 qui, sous une forme différente et sur les lèvres de quatre êtres vivants (d’Ézéchiel), se reproduisent dans Apocalypse 4: 8.
Sa présence dans la prière eucharistique remonte au IVè siècle comme un hymne au Dieu dont la sainteté se manifeste partout dans l’univers et Jésus, le triomphateur, qui reviendra au nom de ce Dieu saint.

Se ou ki sen!
Se ou ki sen!
Se ou ki sen tout bon!

Bondye se ou ki Granmèt tou sa ki nan syèl la.
Bèlte ou plen syèl la ak tè a.

Viv Bondye nan syèl la.
Bravo pou sila k’ap vini o non Granmèt la.
Viv Bondye nan syèl la.

Pater (Notre père)


Nom donné par le monde chrétien à la prière que Jésus a enseigné à ses disciples (Matthieu VI 9-13;. Luc xi 1-4.)

Papa nou ki nan syèl la,
Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Wa;
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.

Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodya,
Padonen sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichòy.
Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal.

Amen!

Après l’Embolisme du Pater

Paske se ou menm sèl ki Wa,
Se ou menm ki gen tout Pouvwa,
Se ou sèl ki merite konpliman pou tout tan.

Agnus de Dei


Jezi,
ou menm Mouton Bondye  ki wete peche sou tè a,
Tanpri pitye pou nou.

Jezi,
ou menm Mouton Bondye ki wete peche sou tè a,
Tanpri pitye pou nou.

Jezi,
ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a,
Aprann nou byen viv ansanm.

article-footer-nav