Mesaj konferans Evèk Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon fèt nwèl 2013 la

Texte reçu le 3 décembre 2013

bishop-hat1. Nou menm Achevèk ak Evèk katolik ayisyen yo ki te reyini nan Asanble plenyè òdinè nan Lilavwa salye nou ak lafwa nan Granmèt la.

2. Nou sot selebre avek Pep Bondye ki nan 10 dyosez peyi a kloti Lane Lafwa a ki te tonbe nan jou fèt Kris Wa a. Selebrasyon sa yo ki te plen nou ak kè kontan, ki bay nanm nou fos pèmèt nou antre nan Tan Lavan an pou nou ka prepare rout pou Jezi, Sovè nou an ki te fèt sou tè a. An n gade nan ki reyalite sosyal, politik, jewopolitik ak espirityel Jezi te fèt.

3. « Lè tan an te rive nan dènye bout li, Bondye te voye pitit li a ki te fèt nan vant yon fanm, ki fèt daprè Lalwa a pou vin sove tout sila yo ki anba Lalwa ». (Galate 4,4) Li te fèt nan yon peyi ki te anba lokipasyon ak divizyon. Gwoup ki tap lite youn kont lòt, tap goumen, te vle youn touye lòt. Zelòt yo tap batay ak patizan Ewod yo, Esenyen kont Sadiseyen, Jideyen kont Samariten, Farizyen kont Pibliken, e nou te ka di plis toujou.

4. Jezi li menm, malgre tout kalite batay sa yo, te chache atake reyalite mal la nan rasin li. Sa vle di: « peche a ». Se pou sa, premye mesaj li se te envitasyon pou tout moun alawon n badè, zanana kou pengwen aksepte konvèsyon: «Se pou nou chanje kè nou, paske wayòm syèl la toupre». (Matye 4,17)

5. Nou tout san wete san mete envite pou nou antre nan Wayòm lavi ak laverite a, Wayom lagras ki sen an, Wayom renmen, jistis ak lapè a. Men pou n antre nan Wayòm sa a, fòk nou asepte kase tèt tounen vin jwenn Bondye epi chanje move konpotman nou ak lòt yo. Paske sa ki reyini tout pèp ki te lenmi tankou yon sèl pèp se konvèsyon ak renmen, ki soti nan viktwa Kris la sou peche: « Pa gen jwif ak payen, pa gen esklav ak moun lib, pa gen gason ak fi, paske nou tout, nou fè yon sèl nan Jezikri». (Galat 3, 28)

6. Tout kalite pwoblem sosyal ak politik nan anpil peyi, menm jan ak peyi pa nou an, sanble anpil ak peyi Jezi tap viv la. Desten pèp nou an trajik akoz anpil soufrans ak sitiyasyon konfli ki toujou sou chimen li ; sa vin gen gwo konsekans sou lavi chak grenn ayisyen ak sou tout nasyon an. Se sa ki lakòz li vin pi difisil pou nou viv ansanm tankou yon sèl pèp. Poutan sa Bondye vle : « Se lapè pou pèp li a ak zanmi li yo, men tou fok yo sispan n aji tankou moun ki gen tèt cho.» (Sòm 84, 9)

7. Jodi a ankò, nou kontinye ap kreye nan mitan nou anpil sitiyasyon mefyans ak kwape lot moun kap bloke nou jounen jodi a, ki menase avni nou e ki gate relasyon nou ak Bondye, ak pwòp tèt nou, ak pwochen yo epi avèk anviwonman nou :

  • Batay chen manje chen pou pouvwa ki pa janm fini ;
  • Respè nou manke genyen pou lòt moun yo, pou desizyon ki korek yo ak pou lalwa;
  • Kritik ki negatif yo epi ki ap chache detwi selman;
  • Lavi moral nou ak lot valè nou yo kap fin depafini;
  • Debandad nan administrasyon ak koripsyon;
  • Keksyon youn kap lonje dwèt sou lot ki pa sispann bloke nou;
  • Zafè refize aksepte opinyon lot la kap grandi chak jou pi plis, jistan nou rive nan youn meprize lot;
  • Eskandal moun ki genyen kap vin pi rich, epi malere kap vin pi pov.

8. Ti Pitit ki fèt jou Nwèl la te viv tou nan kondisyon sa yo, kote moun pèdi vale yo epi vin potre ak zonbi. Men li te aksepte yo epi transfòme yo pou li te ka montre nou kouman nou dwe, nou menm tou, chanje sitiyasyon kote youn pè lot la pou nou viv ak konfyans youn nan lòt, pou nou sispan n ap mete moun sou kote, pou chak moun ka jwenn plas yo tankou frè ak sè.

9. Pitit ki fèt jou Nwèl la se yon kote kite gen zannimo li te jwenn pou l te rete; konsa li fè yon sèl ak tout timoun nan peyi nou ki pa ale lekòl e ki pa gen pèsonn pou ede yo; jèn nou yo ki pa konnen kisa demen ap pote pou yo; granmoun nou yo ki lage pou ko’ yo; peyizan nou yo ki pa gen ni tè ni ankadreman, tout moun sa yo ki pa gen kay pou yo rete; yon latriye fanmi kap fin depafini; yon pakèt fanm ki lage de bra balan ki pa gen pèsonn pou yo rele;

10. Ti Pitit ki fèt jou Nwèl la konnen tou sa ki rele menas ak mete sou kote. Sonje se Mari ak Jozèf ki te chape poul yo avèk li nan peyi Lejip pou yo pa t touye l. Menm jan avèk li, gen yon pakèt fanmi ayisyen ki deside pran kannot pou travèse move lanmè pandan yap mete lavi yo an danje; gen lot kap travèse fwontyè kote yo sibi imilyasyon, yap kouri dèyè yo, san yo pa rekonèt sa ki pi piti nan dwa yo genyen yo.

Lè yo te kwè nan peyi letranje yo tap jwen n yon lavi miyò, se move tretman, avilisman, atak rasis e menm lanmò yo ranmase.

11. Kiyès ki kapab konprann pèp sa a, ki pa sispann pote kwa nan listwa li? Kiyès ki dwe ede l jwenn yon.

  • Se dirijan, fanm ak gason yo, pèp la te vote : yo dwe merite konfyans, yo dwe onèt, epi renmen peyi sa a ak tout kè yo ;
  • Se reskonsab legliz yo: yo dwe tounen bonjan gid espirityèl epi moun k ap travay pou lapè. Yo dwe gen bon jan konpotman epi apran korije sa ki pa bon nan konsyans pèp la ;
  • Se lidè pati politik yo : pou komanse yo dwe sonje politik la mande yo travay pou lajistis ak lapè, pou yo bliye tèt yo, men pou yo chache sa ki nan enterè tout moun ;
  • Se moun save yo, pwofesyonèl yo, biznisman n yo : yo dwe itilize tout mwayen yo genyen pou yo ka sèvi popilasyon an byen;
  • Se senp fonksyonè yo ak sa ki pi byen fome yo : piske se sou yo menm administrasyon piblik ak prive a chita, yo dwe montre yo kòrèk epi onèt pandan y ap toujou byen fè travay yo ;
  • Se peyizan yo, moun kap degaje yo pou ko’ yo ak sa ki resevwa yon ti monnen chak mwa, yo menm ki pote sou do yo ekonomi peyi a : yo dwe òganize yo chak jou pi plis pou yo ka travay nan;
  • Se tout gason ak tout fanm, pitit gason ak pitit fi pèp la : yo dwe sonje peyi a bezwen yo mete tèt yo ansanm pou yo pran chimen rekonstriksyon an ak rekonsilyasyon.

12. Kouman vre nou kapab rebati peyi sa a san nou pa wete rankin nan kè nou, san nou pa chache rezoud konfli kap divize nou ? Kouman nap rive fè sa si nou pa oganize yon konbit chita pale tande, pou youn kapab konpran n lot, epi pou sa k fè diferans nou an ap tounen yon fós pou nou, pou sa k fè nou pa wè tout bagay menmjan an ap tounen yon richès pou nou?

13. Vle pou nou vle rive nan konbit chita pale tande a, se sèl kondisyon pou fè t Nwèl la tounen sa l dwe ye a : yon fèt fanmi, yon fèt kote youn ak lót fè youn, yon fèt kote youn ak lót santi yo frè tout bon vre. Se volonte rive reyèlmanvre nan konbit chita pale tande sa a k ap bay zansèt nou yo onè ak respè, yo menm ki te met tèt yo ansanm, sa gen 210 lane, pou yo goumen ansanm. Youn pa t menm ak lót, men yo tout ansanm te kase yon sèl randevou listwa : bati yon peyi lib ak endepandan.

14. Se pou fèt Nwel la, kote anpil fanmi pral chita ansanm, tounen pou nou menm ayisyen, gason tankou fi, pitit tè sa a, yon randevou tèt ansanm, men nan men, pou n kite fènwa laperèz nou yo, fènwa youn pa fè lót konfyans, fènwa youn met lót sou kote, fènwa chire pit nou yo ak fènwa lesefrape nou yo.

15. Se pou nan mitan tout fénwa nou yo, pawòl renmen ak verite a pote bonjan limyè pou nou ak anpil kè kontan ! « Paske kè kontan levanjil la pote lajwa nan kè ak nan tout kwen lavi moun yo ki rankontre Jezi.» (Evangelii Gaudium : Kè kontan Levanjil la)

16. Se pou « Lesperans ki pa janm fè nou wont la (Women 8,5) kontinye rete nan nou ak tout fos li ! Se pou zetwal ki tap dirije Wa maj yo mennen nou al jwenn Jezi, sovè ak liberatè nou an!

17. Se pou Lavyèj Mari ak Jozèf, misye marye li, veye sou peyi a, sou tout ayisyen ki se yon sel fanmi, pou yo proteje yo pou okenn malè pa rive yo !

  • Bon fèt nwèl 2013 ! Bon lanne 2014 !
  • Bonjan selebrasyon 210 lanne endepandans peyi nou an!

Mesaj sa a soti nan lokal CEH la,
jou ki te 30 novanm 2013,
nan fèt Sentandre, ki se Apot epi mati.