8250.- Proverbes et dictons d’Haïti

Classification Arts et Culture

 

ABCDEFGHIJ – K – LM
N – O – P – Q – RST – U – V – W – X – Y – Z

-A-

Aide

  • De mèg pa fri.
  • Kouto pa janm grate manch li.
  • Ti bout kouto miyò pase zong.
  • Yon sèl dwèt pa manje kalalou.

Ambition
  • Anbisyon touye rat.
  • Anvi tout, pèdi tout.

Amitié
  • Achte peye, prete remèt, se sa ki fè zanmi dire.
  • Bèl dan pa di zanmi pou sa.
  • Chen ki konnen w, se li ki souke ke li pou ou.
  • Fiyèl mouri, makomè kaba.
  • Lè w genyen zanmi konnen w.
  • Men ale, men vini zanmi dire.
  • Pye bèf pour pye bèf, m ap prann kay pratik.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

Amour
  • Chen pa janm mode piti li jis nan zo.
  • De mèg pa fri
  • Lamou pa konn dèyè pyese.
  • Si w renmen po a fòk renmen grenn la tou.

Anes
  • Bourik chaje pa kanpe.
  • Bourik fè pitit pou do li poze.
  • Bourik toujou rete bourik.
  • Bourik travay, chwal garyonen.
  • De kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay la.
  • Lanmò bourik ranje chen.
  • Le w nan mitan bourik, ou pote ba.
  • Mizè fè bourik kouri pase chwal.
  • Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse l bwè dlo.
  • Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.

Apparence (fausse)
  • Bel lantèman pa vle di paradi.
  • Bèl cheve pa lajan.
  • Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
  • Bèl pawòl pa vle di verite pou sa.
  • Chen ki jape pa mòde.
  • Dlo lacho blanch, men li pa lèt pou sa.
  • Foumi pa mouri anba barik siwo.
  • Gwo vant pa di lajan.
  • Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
  • Kaka poul pa ze.
  • Kalbas gran bouch pa ken dlo.
  • Kay koule twonpe solèy men li pa ka twonpe lapli.
  • Pale fransè pa di lespri.
  • Se lè koulèv la mouri, ou wè longè li.
  • Tande pa di konprann pou sa.
  • Tankou ti Jezi nan po krab.
  • Ti dife boule.
  • Zafè nèg pa janm piti, se janm kanso li ki piti.

Argent
  • Chemen lajan pa gen pikan.
  • Gran nèg se leta.
  • Gwo vant pa di lajan.
  • Kòfrefò pa swiv kòbya.
  • Lajan al kay lajan.
  • Lajan fè chen danse.
  • Lajan fè nèg monte maswife
  • Lajan kase wòch.
  • Lanjan nan poch pa fè pitit.
  • Lajan pa fè boul nan pòch malere.
  • Lajan pa al gangan pou li tounen.
  • Lajan pa gen lode.
  • Mezi lajan w, mezi wanga w.
  • Se sen kòb ki fè goud.

Aubaine
  • Sa w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
  • Yon avantaj bab ak moustach.

Auto-Defense
  • Byen jwennm byen kontre.
  • Mwen byen sangle, mwen pap foule.
  • Sa w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
  • Tout bèt jennen mode.

Avertissement
  • Kreyòl pale, kreyòl konprann.
  • Lagè avèti pa touye kokobe.
  • Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.

-B-

Beauté
  • Bel lantèman pa vle di paradi.
  • Bèl cheve pa lajan.
  • Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
  • Bèl pawòl pa vle di verite pou sa.

-C-

Caprice
  • Lè vant chat plen, ke rat anmè.
  • Li gen twòp machin deyè nòs li.

Causalité
  • La fimen pa leve san dife.
  • Moun ki di men koulèv la, se li ki touye l.

Chance
  • Chak jou pa dimanch.
  • Lè w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ou.
  • Ou jis dèyè kamyonèt la.
  • Sa w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
  • Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.

Changement
  • Bourik toujou rete bourik.
  • Chen bwè ze pa kite metye.
  • Kite kantik pran priyè.
  • Pitit tig se tig.
  • Tèt ki abitye met chapo ap toujou met chapo.
  • Zonbi ki goute sèl, pa mande rete.

Chats
  • Chat ki chode pè menm dlo frèt.
  • Chat konnen, rat konnen, barik mayi-a rete la.
  • Chat mande swe, lage chen deye li.
  • Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
  • Lè chat pa la, rat bay kalinda.
  • Lè vant chat plen, ke rat anmè.
  • Mete chat veye mantèg.
  • Sa chat konnen, se sa li montre pitit li.
  • Sa manman chat konnen, manman chat konnen li tou.

Chiens
  • A defo chen, kabrit al lachas.
  • Anvan chen manje zo, li mezire machwè li.
  • Bat chen-an tan mèt li.
  • Bat men ankouraje chen.
  • Bwa ki nan men w, se avèk li ou pouse chen.
  • Chen grangou pa jwe.
  • Chen ki bwè ze pa kite metye.
  • Chen ki gen zo pa gen zanmi
  • Chen ki jape pa mòde.
  • Chen ki konnen w, se li ki souke ke l pou ou.
  • Chen ou fè byen se ou li mòde lè li anraje.
  • Chen pa janm mòde piti li jis nan zo.
  • Gran mesi chen se kout baton.
  • Lajan fè chen danse.
  • Lanmò bourik ranje chen.
  • Li pa janm twò ta pou chen anraje
  • Li pa konnen non chen l.
  • Rele chen papa pou zo.
  • Se lè w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Se sou chen mèg, yo wè pis.
  • Si chen rakonte w sa li wè, ou pap janm mache nannwit.

Compassion
  • Le ou wè vye zo nan chimen, konnen li te gen chè sou li yon jou
  • Se pa lè yon moun ap neye, pou w montre l naje

Confiance
  • Chen ki konnen w, se li ki souke ke l pou ou.
  • Chen pa janm mode piti li jis nan zo.
  • Koulèv ki konn laje goj li vale krapo.
  • Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale.
  • Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
  • Kapab pa soufri.
  • Lanmè pa kenbe kras.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Volè pa janm renmen volè parèy li.

Contraintes
  • Abitan pa mize lavil.
  • Bourik chaje pa kanpe.
  • Byen konte, mal kalkile.
  • Jwèt se jwèt, kwòchèt pa landann.
  • Le w pa gen manman ou tete grenn.
  • Se nan chemen jennen ou kinbe chwal malen.
  • Tout bèt jennen mode.

Corruption
  • Gen twou nan manch.
  • Gran nèg se leta.
  • Si pa gen sitirè pa ka gen vòlè.

Coqs
  • Avantaj kok, Se nan zepon li li ye.
  • Eksperians kòk la se nan zepon l li ye.
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.

article-footer-nav