Nòt Konferans Evèk Katolik Ayiti yo (CEH) sou solisyon kriz eleksyon yo pou ane 2015-2016

ceh_logol – Konferans Evèk Katolik Ayiti yo te reyini pou yon asanble espesyal. Li wete chapo l devan kouraj Pèp Ayisyen an montre li genyen nan jou sa yo ki tèlman difisil pou sa ki gade reyalite sosyal, politik ak ekonomik peyi a.

2- Kèk aktè politik ki angaje nankriz koulye a te sèlman mande Konferans Evèk yo, pou’l ede youn pale ak lòt epi tabli dyalòg nan mitan yo. Konferans Evèk yo te fè sa pou debloke kominikasyon ki te difisil oubyen ki te parèt enposib; gen lòt enstitisyon ak moun ki te fè menm bagay la. Aktè politik sa yo te travay pou jwenn yon solisyon negosye pou sòti nan kriz sa a. Yo te bay kèk pwopozisyon ki sèvi kòm baz yon akò nan yon tèks ki ta merite konplete. Genyen anpil lòt pwopozisyon pou sòti nan kriz sa a kap sikile. Yo montre kijn anpil moun gen gwo tèt chaje sou jan yo pral dirije peyi a apre dat 7 fevriye a.

3- Nou tout konnen jou 7 fevriye 2016 la se dat kote manman Lwa peyi a mete bout nan manda Prezidan Repiblik la. Li lè li tan pou Pèp ta konnen sa’k pra’l fèt apre dat sa a. Men Konferans Evèk yo konstate aktè politik yo poko rive jwenn okenn akò sou yon solisyon nan tèt ansanm pou kriz ki gen koulye a. Konferans Evèk yo kwè tout aktè politik ak Leta a dwe travay pou yo jwenn anvan 7 fevriye 2016 sa a yon solisyon negosyepi akseptab pou.

kriz sa a etan yap montre anpil sajès, anpil bon konprann, moderasyon ak renmen pou peyi a. Paske se yon obligasyonou genyen pou nou prepare tout Pèp Ayisyen an pou l jere jou yo kap vini yo tankou moun ki gen sans responsablite.

4- Konferans Evèk yo ankouraje tout pitit peyi nou an pou nou mete tèt nou ansanm san pèdi tan, pou nou rive jwenn yon solisyon ki dakò ak sa manman Lwa peyi nou an di epi ki kadre ak sa nou ye kòm Pèp. Se konsa, na jwenn garanti Letaaap kontinye fè travay li pou li pèmèt peyi a mache jan I dwe mache, nan respekte lavi, byen ak dwatout moun.

5- Se poutèt sa, Konferans Evèk yo mande tout moun ki angaje nan kriz la ak tout rès Pèp Ayisyen an, pou yo evite fe tout vye deklarasyon ak tout move zakki kapab chofe dife nan mitan moun yo, kap pouse moun fè vyolans epi fe sitiyasyon peyi a vin pi frajil epi pi grav.
Konferans Evèk yo ankouraje yo ak tout fòs li pou yo rive tonbe dakò, san pèdi tan sou yon solisyon. Sa va fèt pou ranfòse inite Nasyon nou an, devlope demokrasi aepi defann byen ki gen plis valè pou peyi nou an.

6- Konferans Evèk yodi Pèp Ayisyen an, yon lòt fwa ankò, li pap janm bouke akonpaye’l sou chemen dyalòg, lapè ak devlopman, sitou nan moman sa yo kote sekirite’l ak avni’li menase.

7- Se pou Bondye beni epi pwoteje Ayiti Cheri nou an gras a lapriyè Manman Mari, li menm ki pote nou sekou pou toutan

Nòt sa a te ekri nan kay reyinyon Konferans Evèk yo, jou ki te 28 Janvye 2016 la, nan fèt Sen Toma Daken.

S. Em Cardinal Chibly Langlois
Evèk dyosèz Okay
Prezidan CEH
S. E. Mgr Yves Marie Péan, csc
Evèk dyosèz Gonayiv
S. E. Mgr Max Leroy Mésidor
Achevèk Okap
Vis-prezidan  CEH
S. E. Mgr Pierre André Dumas
Evèk dyosèz Ansavo ak Miragwàn
S. E. Mgr Joseph Gontran Décoste, sj
Evèk dyosèz Jeremi
Sekretè jeneral CEH
S. E. Mgr Launay Saturne
Evèk dyosèz Jakmèl
S. E. Mgr Marie Erick G. Toussaint
Evèk oksilyè Pòtoprens
Ekonòm CEH
S. E. Mgr Quesnel Alphonse, smm
Evèk dyosèz Fòlibète
S. E. Mgr Guire Poulard
Achevèk metwopoliten Pòtoprens
Mgr Faublas Louis
Administratè
Dyosèz Ench
S. E. Mgr Pierre-Antoine Paulo, omi
Evèk dyosèz Pòdepè