Kowonaviris la (Kovid-19): Pwoteje tèt ou ak lantouray ou

KOVID-19  se yon maladi ki komanse nan peyi Lachin. Men kounyeya li rive nan anpil lòt peyi e ou jwenn tras li sou tout kontinan yo. Li deja touye anpil moun.

Anpil moun ki enfekte ka pa gen sentom ki grav. Kidonk y ap geri, si yo swiv konsèy moun ki save nan zafè medsin e lasante. Men gen moun ki ka gen yon fòm maladi a ki pi serye. Toulede gwoup sa yo ka pase l bay lòt.

Konsèy pou pwoteje tèt ou ak moun ki nan lantouray ou:


  1. Lave men ou souvan:
    Lave men ou souvan ak yon likid ki gen alkòl ou ak savon.
    Poukisa?
    Likid ki gen gen alkòl oswa oubyen savon touye viris la si li nan men ou.
  2. Pa rete twò pre lòt moun:
    Rete a yon distans de omwen yon mèt (1 m.) de moun ki pre w la, sitou si moun sa yo ap touse, estenye souvan oubyen gen lafyèv.
    Poukisa?
    Le yon moun ki enfekte ak yon viris tankou KOVID-19 touse oswa estenye, yo lage nan lè a yon kalte ti gout ki gen viris la. Si ou twò pwòch de moun sa yo, ou ka respire viris la.
  3. Evite bay moun lanmen:
    Poukisa?
    Se vre refize bay yon moun lanmen te konn parèt tankou yon gwo malonèt. Men kounyeya plis moun sanble konprann ke yon lanmen ka tounen yon danje pou sante yo.
    Kisa ou ka fè:
    Olye de lanmen, moun ka touche koud yo, oubyen salye lòt la ak tèt yo.
  4. Pa manyen je w, nen w ak bouch ou:
    Poukisa?
    Se ak men w ou touche tout bagay. Ou ka touche yon kote ki kontamine ak viris la san ou pa konnen.  Si ou touche je w, nen w oubyen bouch ou, ou ka pran viris la.
    Viris ka viv sou metal, sou plastik ou sou glas pandan 9 jou.
  5. Respekte regleman ijyèn respirasyon:
    Kouvri bouch ou nen w ak avanbra w oswa ak yon mouchwa si w ap touse ou estenye. Si se yon mouchwa papye, jete l  touswit nan yon bwat fatra ki fèmen. Si se ou mouchwa antwal, mete l nan yon dlo savon ki cho e ki gen kèk gout klowòks. Apre sa, lave men w jan premye konsèy la di a.
    Poukisa?
    Kouvri bouch ou nen w lè w ap touse oswa estenye anpeche viris la gaye nan lè a. Viris la ka rete vivan nan lè a pandan 2 zè konsa.
  6. Kenbe tèt ou enfome sou devlopman maladi a e swiv konsèy dokte:
    Chache, ou kontinye chache enfòmasyon sou KOVID-19 epidemi a. Chache sitou enfòmasyon ke otorite sante piblik yo pibliye.
    Poukisa?
    Otorite nasyonal ak kèk ajans sante toujou gen enfomasyon ki fre sou maladi a. Yo ka di w si li rive kote w ap viv la e kisa pou ou fè. Otorite lokal yo sitou  ka di w tou kote pou ale pou jwenn èd e sa ou dwe fè pou ou pwoteje tèt yo e moun ki ap viv pre w.

Mezi pwoteksyon pou moun ki vizite peyi kote KOVID-19 ap fè ravaj:


  1. Si ou komanse santi w malad apre ou vizite yon peyi kote viris ap fè ravaj, menm si se yon ti maltet oubyen nen koule, rete lakay ou jiskaske sentòm yo disparèt.  Sa ka pran 14 jou konsa.
  2. Si ou gen lafyèv, w ap touse oubyen gen difikilte pou respire, chache swen nan men yon doktè prese prese. Fè li konnen ke ou te vwayaje oubyen ou te gen kontak ak yon moun ki te vwayaje kote viris la ap fè ravaj.
    Poukisa?
    Si ou wè yon doktè san pèdi tan ou gen plis chans pou refè byen vit paske w ap jwenn swen ke ou bezwen. Anplis de sa, w ap pwoteje lantouray e petèt peyi w.

Pran vaksen si yo ap bay li bò lakay ou:


Anpil bri ap kouri sou vaksen Kovid yo. Gen moun, pou rezon politik ou senpleman paske yo mechan, ki ap di moun pou pa pran l. Yo se sèvi ak rezo sosyal yo pou sa. Pa okipe yo.

Vaksen KOVID-19 la e ki apwouve ap ede w pwoteje tèt ou pou ou pa pran maladi ou si ou ta pran l pou li pa fese w atè. Se vre, lè ou pran  vaksen an, ou ka gen santi kèk malèz, se yo rele efè « efè segondè », ki se siy nòmal ke kò ou ap bati pwoteksyon. Efè segondè sa yo ka afekte kapasite w pou fè aktivite chak jou, men yo dire sèlman youn ou 2 jou.

Donk si ou gen chans pou pran vaksen an, pran.

Ke Bondye avè w, e pwoteje w!!

Haiti-Référence
Madi 10 mas 2020