Nòt Konferans Evèk Katolik Peyi Dayiti Yo ki pote dat 20 avril 2021

Nou resevwa teks sa a jou ki 20 avril 2021

« GranMèt la koute moun ki mande Li sekou: li delivre yo anba kè sote.
GranMèt la toupre moun ki gen kè kraze yo; Lap sove moun, ki pa kapab ankò !… »
(Sòm 33, vèsè 17-19).

Frè m ak sè m yo,

ND du Perpétuel Secours, patronne d'Haiti1.- Nou menm Evèk katolik peyi Dayiti konstate ak anpil doulè sitiyasyon frè ak sè nou yo ki nan men bandi pa chanje jiskaprezan. Zantray tout moun ki gen moso renmen nan kè yo ap dechire. Di (10) jou nan men kidnapè se twòp.

2.- Malgre tout apèl Legliz la, Evèk yo, Pè yo, Relijye/Relijyèz yo, fidèl layik yo, òganizasyon Sosyete sivil la, nan peyi Dayiti tankou lòtbò dlo, otaj yo pa jwenn liberasyon; yo toujou nan men kidnapè yo, ki pa sanble tande rezon.

3.- Devan sitiyasyon sa a, nou dwe aji kòm kretyen epi kòm sitwayen konsekan, pitit menm Nasyon. Poutèt sa, nan tèt kole avèk CHR (Konferans Ayisyen Relijye yo), nou deside yon lòt fwa pou tout lekòl katolik, prezbiteral, kongreganis, inivèsite ak tout lòt enstitisyon (sof Lopital ak Sant Sante yo) kanpe travay pandan twa jou : mèkredi 21, jedi 22, ak vandredi 23 Avril la. Pandan 2 premye jou yo, Pè yo ap kontinye selebre Lamès swa nan maten oubyen aprèmidi pou liberasyon moun yo kidnape yo, pou konvèsyon kidnapè yo, pou delivrans peyi Dayiti. Apre prèch la, nou envite Pè yo resite Litani Mizerikòd BonDye a kòm priyè inivèsèl.

Nan twazyèm jou a, jou vandredi 23 avril la, a midi tapan, nap sonnen klòch nan tout Legliz yo, nap fè adorasyon Sen Sakreman pandan nap medite kèk Sòm lwanj : Sòm 30 (29); 144 (143); 145 (144); 146 (145). Menm vandredi a, nap resite a 3 zè nan tout pawas yo Chaplè Mizerikòd BonDye a epi klotire ak Lamès.

4.- Pandan nap lapriyè pou chak Responsab, chak Otorite nan peyi a reponn ak angajman yo, nap mande pou Fòs leve byen vivan Jezi a kraze tout fòs fènwa ak lanmò ki anpeche nou viv kòm pitit BonDye.

5.- Se pou Manman Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, entèsede pou tout moun kap soufri ak pou liberasyon peyi Dayiti. Se pou BonDye beni nou !

Nòt sa a soti nan Lilavwa, nan Kay kote Evèk Katolik peyi Dayiti yo abitye reyini, jou ki 20 Avril 2021.

Monseyè Launay SATURNE
♝ Achevèk Okap Ayisyen
✶ Prezidan CEH

Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens
✶ Sekretè Jeneral CEH

Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay

Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Evèk Ansavo ak Miragwan

Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi

Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmel
Monseyè Max Leroy MESIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens
✶ Visprezidan CEH

Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk Ench
✶ Ekonòm CEH

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv

Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
♝ Evèk Folibète

Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè